Devni yon pwogramè Python Gratis | Klas 002
Èske w disponib pou'w anakeq nan yon vwayaj nan mond pwogramsyon Konpitè?
Objektif mwen se fèw aprann pwograme nan yon fason ki senp epi amizan.
Men anvan sa, mwen gen yon kesyon.
Poukisa'w dwe aprann pwograme?
Pandan wap panse pou'w reponn ak kesyon sa a,
map profite moman an poum diw kisa
Steve Jobs kise youn nan fondatè Apple te di.
Li di: Tout moun ta dwe aprann pwograme,
paske se yon aktivite ki ede moun aprann panse.
Mitchel Resnick, kise direktè Lifelong Kindergarten nan MIT
Media Lab, pa bò kote pa li, li di "pwogramasyon se youn
nan konpetans nan 21yèm syèk la ki enpòtan menm jan aprann
li ak ekri”.
Menm jan yon moun dwe aprann li ak ekri,
se konsa li dwe aprann pwogramasyon.
Sepandan, konsèy mwen pou ou menm kise ayisyen, w dwe
aprann pwograme pandan wap panse nan opòtinite
travay w ka jwenn pou'w amelyore kondisyon lavi'w,
ak pwogramasyon w ka ede Ayiti chanje, epi ede mond lan avanse.
Pwogramasyon se yon aktivite ki amizan epi enteresan,
sitou lè ou kòmanse wè rezilta yo efò'w yo.
Pou w aprann pwograme, li enpòtan pouw swiv konsèy sa yo:
1) W dwe pratike chak jou, omwen 20 minit;
2) W pa dwe pè fè erè, li nòmal pou'w fè erè paske se konsa wap aprann
3) Malgre plizyè egzèsis wap genyen nan kou a,
w dwe toujou ap chèche projè ak egzèsis pou'w rezoud;
4) Kreye tan pouw aprann teyori yo, li liv pwogramasyon;
5) E anfen, map di'w pa koute moun kite eseye epi ki abandone
kap diw programasyon difisil.
Deviz nou se "Pwogramasyon fasil, men li mande pratik ak devouman".
Pou mwen ka anseye'w pwogramasyon,
mwen chwazi langaj Pwogramasyon Python,
paske li senp epi fasil pou aprann nan yon ti tan.
Youn nan lòt rezon ki fè mwen chwazi Python, se fason ap grandi li chak ane.
Chak ane, Python jwenn nouvo pwogramè epi rantre nan anpil grn antrepriz.
Mwen vle site, pa egzanp, itilizasyon Python nan syans done,
li se youn nan pi bon solisyon.
Ki orijin Langaj Pwogramasyon Python?
Python se yon langaj pwogramasyon kite kreye pa yon
matematisyen e pwogramè ki rele Guido van Rossum nan lane 1991.
Gen anpil moun ki fè yon asosyasyon dirèk non Python an ak koulèv, paske
mo python an teka sinifi koulèv.
Men kite di'w orijin non an se akòz yon gwoup komik britanik kite rele Monty Python,
ke fondatè Python an te renmen gade. Brèf sa se istwa.
code,website,pwogramasyon konpitè,Python,Ayiti,ayisyen,haitien,programmation,computer,Devni yon pwogramè,pwogramè Python,kou python,kou teknoloji gratis,Devni yon pwogramè Python Gratis,canada,Brezil,Usa,Technologie,kreye sit,vann sou entènet,aprann kreye sit entènè gratis
#pwogramasyon #teknoloji #teknologi
Что делает видео по-настоящему запоминающимся? Наверное, та самая атмосфера, которая заставляет забыть о времени. Когда вы заходите на RUVIDEO, чтобы посмотреть онлайн «Devni yon pwogramè Python Gratis | Klas 002», вы рассчитываете на нечто большее, чем просто загрузку плеера. И мы это понимаем. Контент такого уровня заслуживает того, чтобы его смотрели в HD 1080, без дрожания картинки и бесконечного буферизации.
Честно говоря, Rutube сегодня — это кладезь уникальных находок, которые часто теряются в общем шуме. Мы же вытаскиваем на поверхность самое интересное. Будь то динамичный экшн, глубокий разбор темы от любимого автора или просто уютное видео для настроения — всё это доступно здесь бесплатно и без лишних формальностей. Никаких «заполните анкету, чтобы продолжить». Только вы, ваш экран и качественный поток.
Если вас зацепило это видео, не забудьте взглянуть на похожие материалы в блоке справа. Мы откалибровали наши алгоритмы так, чтобы они подбирали контент не просто «по тегам», а по настроению и смыслу. Ведь в конечном итоге, онлайн-кинотеатр — это не склад файлов, а место, где каждый вечер можно найти свою историю. Приятного вам отдыха на RUVIDEO!
Видео взято из открытых источников Rutube. Если вы правообладатель, обратитесь к первоисточнику.